09/21/2023
Prete m on ritwit svp 🙏🏾 se enpòtan Lizay depi Wanament rivyè Masak!
Jodi a ekip Abedjluniverse la ansanm ak ekip Jaden Botanik Wanament ap pote Kole pou netwaye espas tèt lanal la.
Men sa n ap bezwen:
1. Pou pi Piti 5 dwoum pou plase sou espas la pou moun yo jete fatra lejè yo tankou sachè dlo, bwat siwofòm
2. Nou bezwen rato, pèl, bourèt (Jaden Botanik Wanament ap prete nou sa yo).
3. Nou bezwen lwe yon moto 3 wou pou transpòte fatra yo sou yon sit dechaj pwovizwa.
4 nou bezwen yon bwat gwo sachè.
5 yon bwat gan.
6 nou bezwen yon mayetofòn pou kominike ak popilasyon an sou espas la.
Nb. Ekip Abedjluniverse la pap ramase lajan ni Nou pap mande lajan pou sa nou pral fè a. Si w vle ede vre fè nou jwenn sachè yo ak gan epi mayetofòn lan.
Mèsi
Ansanm nou kapab
Kontak WhatsApp 55248990
Repost from Jahb