11/08/2026
Cheve w pa toujou bezwen plis pwodwi. Li bezwen bon pwodwi pou bon bezwen an.
Lè w gen cheve 4C, li fasil pou w ap eseye plizyè pwodwi san w pa vrèman konnen ki wòl chak genyen.
Men anvan ou chwazi sa pou w mete nan woutin ou, poze tèt ou yon kesyon:
“Ki sa cheve m bezwen kounye a?”
Si cheve w sèk → mete plis aksan sou idratasyon.
Si li difisil pou demele → chèche dousè
Si li frajil epi li kase fasil → konsantre sou ranfòsman ak pwoteksyon.
Si w bezwen kenbe yon kwafi → chwazi yon bon pwodwi fiksasyon.
Se pa kantite pwodwi ou genyen ki pi enpòtan an.
Se konprann wòl chak pwodwi epi sèvi avè l nan bon moman.
Se sak fé , nan Bercovercha, nou pa vle sèlman mete pwodwi nan men w. Nou vle ede w konprann kijan pou w pran swen cheve w pi byen. 🤎
> Bon swen cheve kòmanse ak konpreyansyon, epi bon pwodwi ede w mete konpreyansyon sa a an pratik.
Bercovercha Cosmétiques — pran swen cheve w avèk plis konpreyansyon.
Kounye a, ki sa ki pi difisil pou ou nan swen cheve w: idratasyon, demelaj, kas oswa definisyon?