Piyay Lakay Purchasing

Piyay Lakay Purchasing Vous avez un probleme, Nous avons la Solution

02/03/2024

Kache m anba san Anyo a
Li efase tout peche m yo
Konplo kont mwen pap reyisi
Kache m anba san Anyo a

02/03/2024

All the Praise
Is to our God
🙏🏽🙏🏽🙏🏽

29/02/2024

Ou soti lwen avem Jezi
Gen de bagay ou fè pou mwen, mwen pa konnen yo
Mèsi Mèsi Mèsi Seyè

27/02/2024

Bouche mwen pap janm ret fèmen
Adorasyon mwen se pou ou
Tout otan map respire, adorasyon mwen se pou ou Yahweh
🙏🏽🙏🏽🙏🏽

27/02/2024

La Bible nous enseigne:"Un homme est comme les pensées de son âme"
Jan w panse a se konsa wap ye
Si w panse piti, wap mouri piti
Si w panse gran wap viv gran
1er kote Jericho tonbe se nan panse w

21/01/2024

Ou leve mwen, retire m nan pousyè a
Ou fem rive kote m pat espere
Avèk ou anyen pa enposib
Ou leve mwen, ou kache mwen nan ou

21/01/2024

Prezans ou pi chè pase lò
Prezans ou pi dous pase myèl
Tout moun ki goute li konn sa
Ala ou Bon Senyè Jezi

21/01/2024

Chèn yo pete
Mwen libere
Jezi a, Sovè a
Banm laviktwa

Kòm yon rivyè li plen m ak jwa
Gadon w Amou Papa
Gade on Glwa

20/01/2024

99% moun ki ap pran poz yo apiye post la, kite blan an ta di depi on moun pa kretyen yo pap ka ni pile lakay li, ni ret lakay li pou ta we si yo tap kite plas anndan legliz pou vrè kretyen. Yo tap konn bib la on sel jou

19/01/2024

Yon ti refleksyion !

Nou di nwa pa ka kretyen se blan ki potel ba nou!

Men poukisa nou se nan lekol kongreganis ak pwotestan nou met pitit nou? Poukisa nou pa al mete yo lekol kay èzili, ogou feray e lòt yo?

Men poukisa rasin sa nou di nou sòti a pa janm ba nou intelijans pou nou kreye lekol, inivèsite, lopital, indistri.

Men poukisa se sèl souf de vi nou ki pa depann de blan?

Men poukisa se rad, souvètman, sandal, soulye, tenis, fo cheve ki sòti kay blan an nou itilize.

Men poukisa se machine, moto blan an fè nou itilize.

Men poukisa nou al chache visa nan men blan an pou nou al nan kolèj lakay li, pou nou al chache lavi miyò lakay li, al chache la sante lakay li. Nou te ka al deye viza pou nou al nan rasin pito.

Men poukisa depi rasin sa nou sòti an reklame on timoun pou sèvil, timoun lan pa dakò, lwa vle detounen li?

Map kite nou ak ti refleksyon sa yo, map kite nou reponn tèt nou, pandan map selman di nou, nou kreye ak lib abit pou nou pran direksyion nou vle, nou ka al eseye pase nan pòt nou vle, Jezi se pa yon pòt, li se pòt la. Se lè w ouvri pòt sa wap jwenn repo.

Ou menm ki poko rankontre ak Jezi, mwen envite w fè sa, pa di ou poko pare, pa di wa va gentan, nou pa konn kijan pita ap ye, franchi pòt la, aksepte Jezi
»Jezi di yo ankò: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo.«
‭‭Jan‬ ‭10‬:‭7‬ ‭HAT98‬‬

»Jezi reponn li: — Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.«
‭‭Jan‬ ‭14‬:‭6‬ ‭HAT98‬‬

Adresse

Port-au-Prince
HT6141

Téléphone

+50933982222

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Piyay Lakay Purchasing publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Piyay Lakay Purchasing:

Partager