20/07/2022
Vant fè mal
Kiyes ki pa ko gen vant fè mal menm yon fwa nan vi yo?? men eskew te konn vant ou divize an 9 rejyon chak kote nan rejyon nan vant ou kap fèw koresponn a yon gwoup òga'n nan vant ou kap soufri? Ki danje ki genyen siw ap neglije vant fè mal? Eskew konnen trip moun konn bouche a yon pwen wap vomi twalèt?
M pral montre nou lèn gen vant fè mal kijan:
- poun idantifye rejyon sa yo
- ki òga'n ki konsène a chak pati nan vant kap fèw mal
Nou pral pale nou de vant fè lakay ni timoun ni granmoun, doulè lakay yon moun tradwi soufrans yon òga'n , de yon ansanm de eleman nan vant ou, ou ka santi doulè an anba ti kè, li ka anba vant ou, li ka nan lonbrit ou oubyen de bò vant ou ki ka anlè oubyen anba
Doulè a konn iradye se kòmsiw plis santil yon kote epi ou santil yon lòt kote an menm tan pa ekszanp :
-siw santi yon doulè iradye nan zo dow (omoplate) anpil fwa se nan fwa ou gen problèm
-siw gen doulè anba kè (epigastre) piw santil reponn ou nan dow sa konn vle di problèm nan pankreya
-siw gen yon doulè bò vant ou santil desann nan òga'n jenital ou, problèm nan ka nan vwa pou p**i an , anpil se pyè nan ren
-siw gen yon doulè on bò anwo a dwat vant ou ki rive jis nan epòl dwat ou ,problèm nan ka fyèl(vesikil bilyè) ou
Si se anba a dwat li ye , se konn apenndisit
Ann kontinye
Siw gen yon doulè brital, ki vin britsoukou , se konn yon òga'n ki pete, medam siw konnenw te ansent pi w nik rete yon bon maten ou santi yon gwo doulè on bò anba ti vant se kouri al kay Dr sa konn vledi gwosès la evolye an deyò de matris la siw kitel si se nan twonp lan li ye lap pete twonp lan e met viw an danje
Si yon moun gen èni pi yon bon maten nou nik rete nou wè yon gwo doulè ki vin britsoukou kote èni an ye se kouri al kay Dr rapid ,èni an ka ap etrangle, viw an danje
Siw gen yon doulè anba kè lèw pako manje men lèw manje lale anpil chans pouw fè ilsè nan estoma e tout ilsè wap pran ala lejè ka peye estoma e met viw an danje
Siw gen yon gwo vant fè mal ,lew vomi ou wè l soulaje , anplis ou paka pase ni gaz ni twalèt anpil chans pou trip ou bouche, ou ka rive yon pwen wap vomi twalèt
Si lè w fin bwè alkòl ou gen vant fè mal ,anpil chans pou pankreyaw anfle, oubyen fwaw anfle...
- siw gen yon doulè tankou kout ponya, vant ou di tankou yon bout bwa, se ka yon òga'n ki pete pi sak nan òga'n gaye nan vant moun e la viw an danje...
-si yon jèn fi sanl pa ansent , gen doulè on bò anba ti vant fow panse a twop ou ki anfle , siw pa janm al kay Doktè wap viktim de sa yo rele twonp bouche an e ka gen problèm pouw fè pititi ,si tou 2 twonp yo bouche ou pap ka fè pitit
Siw gen yon doulè nan lonbrit se konn vè ki koz sa , ou konn wè lakay timoun yo nan nwit yap plede fouye dwèt nan dèyè yo
Siw gen anba ti vant fè mal, kanal brile lew ap p**i anpil chans son enfeksyon nan p**i
Gen anpil lòt rezon ankò...
Pa neglije al wè Doktè kelke swa rezon vant fè mal
Kounya ann divize vant lan an 9 rejyon chak pati kap fèw mal nan vant ou , ou pral wè sak ka koze sa,swiv imaj ki nan kouvèti tèks la wap wap konprann de chak pati nap pale
Si w santi doulè anba kè (epigastrik)ou gen doulè an problèm nan ka:
-nan estoma
-diwodenòm( premye pati trip la)
-nan pankreya
-nan fyèl(vesikil bilyè)
-nan kè
-nan poumon
Nou souvan panse doulè anba konsène sèlman estoma
Si w santi doulè an anwo a dwat vant ou(hypochondre droit) problèm nan ka:
-nan fyèl(vesikil bilyè)
-nan fwa
- nan poumon
-nan ren
-nan penndis sil pete
Si w santi doulè anwo a goch vant ou (hypochondre gauche )problèm nan ka nan:
- pankreya
- estoma
-trip
-rat
Siw santi doulè an anba ti vant(hypogastre) problèm nan ka nan:
-twonp
-matris
-Vesi
-pwostat
-Trip
Siw santi doulè anba a dwat vant ou( fosse illiaque droite) problèm nan ka nan:
- trip sitou apenndisit
-twonp
-ovè(kis)
-ren
-vesi
Si santi doulè anba a goch problèm nan ka nan :
-trip
- twonp
- ren
- vesi
Siw santi doulè an nan lonbrit problèm nan ka:
-trip la bouche
-ou gen vè nan trip ou ke nou jwenn anpil lakay timoun yo
Lè timoun yo renmen manje penti yo konn gen yon entoksikasyon a "Plomb" ki nan penti an
Kounya depi nou gen vant fè mal nou konn sa poun fè pa neglije al kay Dr souvan konsekans yo konn grav ma gen poum pale nou nou de chak problèm sa yo apa
Like & pataje
Norbrun Kerry Care-ry
ou konn gen vant fè mal, wè dèfwa li konn vle diw gon pwoblèm grav
siw ta renmen konsilte yon medsen ,nou ka ekri Dr Gandhi Gedner, siw ta renmen fè ekzakmen e menm tretel, siw ta renmen antre an kontak avèl relel nan : +509 42 33 8125
siw gen whatsapp klike sou lyen sa
https://wa.me/+50942338125
wap antre an kontak dirèk avèl