18/12/2022
❌❌❌❌❌❌❌❌❌❌❌❌❌❌
👉pa kite pitit fi nou chita sou kwis pèsòn moun nenpòt sitiyasyon li ye a li te mèt tontonl.
👉Fè pitit fi nou abiye kòrèkteman lè gen moun ki vin wè nou lakay nou.
👉evite rete toutouni oubyen abiye devan timoun nou apati de 2 ans.
👉pa kite pyès adultes rele pitit ou madanm ou byen mari.
👉chak fwa timoun ou soti al jwe ak lòt timoun, chèche konn ki type de timoun kap jwe avèl e ki type de jwèt yap fè. Kijan yo konpòte yo lè yo nan larue ak lekòl fòw konn tout bagay sa yo.
👉pa fòse timoun ou al kay yon moun li pa alèz paske nan kè l lap panse mal anpil epi toujou metew nn plas pouw konn sak fè l pa alèz avèl.
👉 pote anpil atansyon ak mizik nap bay timoun yo tande epi atis yap gade jis pou yo pa gen foli fè tout sa atis la fè.
👉depiw wè timoun lan te kontan epi britsoukou ou wèl kòmanse tris chèche konn sal genyen.
👉pran tout tanw pouw pale ak ti moun yo de fè sexe eseye byen éduqué yo paske siw pa fèl sosyete a ap mal éduqué yo pou ou.
👉asirew kew jwe wòl paran an byen sitou sou rezo sosyo yo, nan fim timoun yo ap gade, nan mizik yap tande.
Pa okipe pyès moun kap diw ou pap ka gen kontwol timoun lan ou menm zanmim toujou jwe wòl paran w koz gen anpil istwa m konnen konsa lè timmoun lan poko prè pou l posede tel li genyen li ka fè nenpòt vye betiz pa mande BONDYE li ta nan gade pòno lè l fèk kòmanse pouse tete ak pouse pwèl.
👉ansenye timoun yo apati de 3 an kijan yo dwe lave koukoun yo ak peni yo koz pèsòn moun pa dwe touchel lenm lè yo lekòl
👉depiw wè timoun lan ap plenyen pou yon moun pa gade sa an silans li ka pi grav ke saw panse a.
👉asirew kew se zanmi pitit ou yon fason poul pa pè w men poul gen krent pou ou.
Pa bliye ou se paran wòl ou se pwoteje e pran swen pitit ou. eseye jere vi nou pou nou pa sèlman yon papa pitit ni yon manman pitit men pou nou se des parents responsables ✅
DIDSON✍✍✍
Pa neglije pataje l ak yon zanmiw
Ou menm ki bzwen extrait dachiv, acte de naissance, legalisation documents , etcc 📄
Pa neglije kontakte Victory multiservices sou Whatsapp 3271-7566 /3415-9310
Victory multi services
Addresses : Petionville Av.panamericaine #87
Gonaives 78,av.des dattes,
St marc 25, rue Robert,
Cap haitien rte de l'aeroport
Nenpòt kotew ye a wap jwenn sèvis
Cayes/ jacmel /jeremie/ port de paix ( USA, chili, brezil, canada etccc)