MON iPhone

MON iPhone Électroménager

31/01/2024
Whatsapp  +50939492391
25/09/2023

Whatsapp +50939492391

Solution elektwomenajew ..Whatsapp  +50939492391
25/09/2023

Solution elektwomenajew ..

Whatsapp +50939492391

iphone en vente,  bonne qualité
08/01/2021

iphone en vente, bonne qualité

26/06/2020

Je suis ANDRÉ OSCAR MAYARD
Canditat numéro 064
Au Concours Texte organiser par Francky Magazine & JAQ Motion & Miss Choukoun Haiti
NB: comment voter pour moi? C'est simple il suffit de likez,commentez,partagez mon texte et n'oubliez d'aimer la page du concours

ANCHÈNMAN DEVLOPMANTAL
Se pa mwen'k te vle vin powèt men se Slam ki te fè apèl ak mwen
Kòman'n vle poum silans pandan wòch yo ap woule pou eseye pale pou mwen
Kòk chante chak douvanjou pou raplem konbit mo ant tèt An'm ak Plim mwen
Chak jou prezidan ap pwone chanjman pandan kè kontan sekirite ap pi mwen
Pa dim silans paskem pat janm reve limyè men se solèy ki te kale jel sou mwen
Map pale,pale jouk n'a ekzilem fèm maron tankou Jhon Steve Brunache
San frèm tèlman koule yo près neyem nou ta avètim tankou Noye m'ta konstwi yon lach
Sim ta silans pou nou konnenm se yon lach
Pwezim gen pou fann kè'n an de tankou rach
Map pale jis ma mòde'n tankou Chen ki gen raj
Isit tan poun ta envesti tout kòb yon pwojè nou pito fèl patch
Vin koz nap mache sou tè men tankou avyon✈chak jou nap fè krach
Nou pa konstwi lopital men lèn resi konstwi youn nou pa peye doktè
Nou fè map bouche nenm,bande jem pandan dlo santi nap fèm bwè
N'anvi vole ak rèv chak ayisyen tankou malfini kap vòlè ti poul
Chak jou nap vwayaje m panse sou lòt prezidan yo nou ta vòlè ti poul
Wè yon patriyòt ki vle byen pou peyi a nou veyel nou kase koul(kot Vladimi)
Voye moun ki gen vizyon nan Politik ayiti si voyel al fouye toul(kot Joseph Néhemi)
Nou edew bay bèf la manje men chè gouvènman ou pa janm ban'n ti gout lèt
Opozisyon ap mache je kale pandan setan lap fè kout tèt
Sa ki pran pòz yo avè nou se yo kap fèn kou trèt
Nèg sa yo San tèt yo pa gen rezònman kon bèt
Map chanje karaktè😡 poum di langèt mèt yo
Wi nèg sa yo se non Kòmsi se nèg ki tap travay ak mèt dlo
Fòn ta retire soulye valpa sa yo
Poun wè si nan plas zòtèy yo pa pouse zago

Yo arozen ak bèl pwomès aprè yo manje fèy nou tankou kabrit
Yo fin tchake tout sa'n genyen kòm byen kon ti sourit
Twòp mal koz ti pèp sa toujou sou lit
Yo met pye sou kou'n epi yo pa vle poun f'on ti plenn
Yo pran pòz yo avèn epi yo anchene lesprin San chenn
Yo plenn pikan epi yap di yo met asphalte sou chimenn
Matyè fekal yo fin fè yo vlen kenbel nan pla menn
Nan plas legim yo bannou fèy anmè
Chak fwa nou swaf yo bannou dlo lanmè
Olye nou voy timoun Lekòl pou aprann a men krochi...pito nou ba yo zam epin moutre yo di demen anlè
Gen yon ti djòb pou fè kòb isit se kouri bay fè sèkèy
Li pat zanmiw lèw tap viv lèw mouri li cho pou pote tèt sèkèy
Pa etone sim jourew lèw mandem kòmanm ye
Paske sitiyasyon peyi a dwe gentan diw kòmanm nye
Menmsi dlo pap koule nan jem map kriye
M'anvi viv an pè an ayiti menm pa konn ki lye
Yo keyi nou nan pye san'n poko rèk
Yo pa ka tann nou mi yo vann nou tou vèt
Yon bann manifestasyon tire bal pou jwèt
Se nou tout ki pa bon m pap menm retire kèk

Nou pran pòz nap konstwi
Poutan nap detwi
Nou pran pòz nap enstwi
Poutan nap dezobeyi
Senk(5)+Senk(5) vin egal(=)Senk(5) tèlman lavi a chè
Devlopman toujou viziten men gran yo pa bal chèz
Yon pakèt dirijan San kè
Zafè pèp dep yo santi y'alèz
Yo ban nou kiyè men yo pa ban'n manje
Yo ofri nou limyè,tenèb gade'n nan je
Yo ofri nou lapli,solèy la kale je
Yo di yo pap dòmi,somèy yap karese
Nou te ka rich si nou pat yon bann parese
Frèn yo mouri grangou pandan manjen te ka drese
Si vyann nou pa gou se paskel te dwe swe
Nap manje manje blan pandan sa lakay nou sere
Nou pap janm rekòlte byen paske se mal nou seme

Pa bò isit m'konn pale verite rann laviw piti tankou zegwiy
Mwen tan poum ret chita nan silans m pito ranpe tankou cheniy
Fizikman m'piti men moral mwen prè pou afronte tout danje
M te gentan konnenm nan yon konba dep lèm te chwazi vin slamè angaje.

Adresse

Rue Clerveaux Numéro 175
Gonaïves
JKHELLENSEY@GMAIL

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque MON iPhone publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à MON iPhone:

Partager