30/08/2022
non se pa vre, li pa pwouve syantikman ke bay s***e tete w avanw fè timoun ka baw timè, pataje tèks sa pou plis moun ka wèl koz mwè yon mesaj kap sikile sou nèt la kote yap di si fi bay s***e tetel li ka gen timè, men sak ka koze timè nan tete kay medam yo , e men kijanw ka gentan wè si tetew gen boul
Depi nou wè tete yon fi bay aspè tankou po zoranj pwent tete vire se konn siy kansè tete,ki se kansè #1 ki touye plis fi an Ayiti, medam nou konn palpe tete nou pou gade sil pa boul?vin fon pale de kansè
Pataje tèks sa pou plis fi jwenn konesans sou sa epi Si o ka nou pa ta o kouran , m gen plezi poum anonse nou ke mwa oktob la dezinye mwa lit kont kansè sen
Anpil fwa nou konn tann se lè kansè tete grav nal lopital tandiske nou te ka jere sa byen fasil pa yon senp palpasyon pou gade si tete an gen boul tap ka jere sa
Jodya nou pral pale de kansè #1 an Ayiti ki se kansè tete
Kisa ki yon kansè?
Fonn konnen ke kò nou fome pa ansanm de selil, selil sa yo gen kapasite de reparasyon , yo gen kapasite pou yo miltipliye, lè yo la lontan yo gen yon gen kapasite pou detwi pròp tèt yo pa yon femonenn ki rele apoptoz
Ben nan kad yon selil kanserez ki lye a plizyè faktè nou pral eksplike pi devan , li pèdi tout kapasite sa yo donk selil yo ap miltipliye de fason anomal , pi femenomenn apoptoz m tap pale nou an li pèdi kapasite sa, donk selil yo vin imòtel, ki vin fome yon mas, vin responsab de sa yo rele timè ki ka beniy oubyen maliy la li trè grav se fòm sa kap mennen kansè an
Statistik a travè mond lan de janvye a no jou yo detekte 2.1 milyon nouvo ka kansè sen, 627000 desè lye a kansè sen, swa 15% dèse lye a kansè nan mond lan
Selon yon etid yo te fè ayiti sou plis ke 900 moun nan lopital St jude, yo detekte 525 ka kansè sen, laj mwayenn nan se 49 zan, 50.8% lye aprè menopoz, 15.7% lakay fi ki pa fè pitit, 35 % lakay fi ki tap itilize Kontrasepsyon òmonal (planin) , 20.6% lakay fi ki pa janm bay tete, 22% lakay fi ki gen istwa familyal kansè sen, 51.2 lakay fi ki an "surpoid" 5 % lakay fi ki fimen.
An Ayiti kansè sen a kansè kol reprezante 3 ème koz mòtalite fanm ayisyenn
Tip istolojik ki souvan bay li an se "adénocarcinome "
Faktè ris pou trape kansè tete an se:
-mastopati
se tout modifaksyon beniy tete an, kòm yon gonfle , yon nodil, yon kis , nan fom grav mastopati yo li ka transfòme an kansè, mastopati yo lye souvan a yon dezekilib nan sekresyon òmonn projesteròn- estwojèn, sitou yon to elve estwojèn, mastopati yo touche souvan fi ki gen ant 30 a 50 an
-eta òmonal
Gen faktè risk ki a sinyale pa ekszanp yon fi ki fòme avan lè (avan 12 an)
yon fi ki antre an menopoz ta ( lè fi an paka fè Pitit anko ) aprè 50 an
yon fi ki pa fè pitit,
Yon fi ki fè pitit avan 30 an gen yon risk ki redwi de 25 % pa rapo a fi ki fè pitit aprè 30 an
-laj , riks la ogmante avèk laj ki ant 50 a 75 an, e li ra lakay fi ki gen mwens ke 30 an
-Alimantasyon e obezite
Obezite ogmante risk kansè tete lakay yon fi ki menopoze de 50 % a koz , yon fi bwè alkòl anpil, yon fi ki pa konsome ase fwi a legim
-Risk familyal
Nou konn wè nan yon fanmi gen plizyè ka kansè sen .souvan ,siw ta gen ka kansè sen nan fanmiw konnenw a risk nan ka sa probabilite pouw fè kansè sen an mitipliye pa 2 a 3
- fi kap fè Kontrasepsyon òmonal ( planin)
Selon plizyè etid yo fè USA avèk an Frans yo remake fi kap pran planin pandan 5 ans san yo pako gen premye gwosès a risk de 25% pou trape kansè sen
-yon fi ki fimen anpil , nou tout konnen ke tabac la gen sibstans kanserijèn, donk fi sa yo ekspoze
- predispozisyon jenetik
Nan 5 a 8 % ka yo remake yon chanjman nan 2 jèn(BRCA 1 & BRCA2).
Pou moun ki pa konnen jèn nan se yon fragman ADN ki gen enfòmasyon jenetik ki kode pou tèl ou tèl pati nan kòw ki pral fèw sanble manmanw oubyen papa w , tout fwa gen sa yo rele "mutation " ki se yon chanjman , yon erè ki pwodwi nan yon jèn kelkonk, gen kek jèn mite paranw ka transmèt ba ou sil te fè yon maladi piw wew devlopel tou, se sa yo rele maladi ereditè , jèn sa yo ka transmèt de yon jenerasyon a yon lòt ,jèn sa yo se BRCA 1 e BRCA2 yon "mutation" nan jèn sa yo moun sa a gwo risk poul fe kansè sen
Pami fi ki pote jèn mite sa yo 7 a 8 sou 10 devlope yon kansè sen, si nan fanmiw nap remake ka kansè sen , e pafwa kansè ovè ou se yon moun pou yo ta sipoze siveye de prè
Tout ti anomali ou wè nan tete an ta sipoze atire atansyonw tankou:
- po tete an tankou po zoranj anpil ti tou
-siw ta wè yon twou oubyen rid nan tete an
- siw ta remake yon defòmasyon mamelon an pa ekszanp ou wè pwent tete antre anndan
- mamelon an vin wouj , li gen aspè krout
- yon ekoulman nan tete an sil nwa oubyen wouj
Siw remake sin sa yo prese prese al kay Dr
Koman yo souvan ka fè prevansyonl oubyen diagnostikel rapid?
-Otopalpasyon
Se yon teknik ki pèmèt ou detekte anomali yo byen rapid , li pèmèt fi pran konfyans tou , objektif la se chèche konsistans, dimansyon, motibilite, sansibilite,e tout anomali
Men Kijanw fè manèv sa:
1-Ou kanpe devan yon miwa ou lache bwaw piw ap apresye sen an pouw detekte si pa gen okenn anomali
2-rekomanse menm jan men fwa sa wap met menw sou tèt ou
3- prese pwent tete w pouw wè si pa gen likid kap sot ladann
4-avèk 3 dwèt men dwat pou tete goch, palpe tete an de deyò a anndan, menm jan pou lòt tete an
5- pakouri sen an de ba an wo, Menm jan pou lòt tete a verifye zone ant tete an a anba braw , pouw wè siw pap jwenn kèk boul
6- nenpot ti anomali ou remake pa neglije al kay doktè
Yo konn dekouvri yo nan sa yo rele "mammographie " yon teknik imajri ki pèmèt ou dekouvri tout anomali nan tete an, ke yo propoze chak 2 ans lakay fi ki gen plis ke 50 ans, men an ayiti yo konn fèl a 40 an .men pi ba laj sa nou ka toujou ap veye si nou pa jwenn boul nan tete nou
-Siw son moun ou remake plizyè manb nan fanmiw fè kansè sen oubyen kansè ovè fow al kay Dr pou yo konsiltew regulyèman
Fè mamografi siw gen 40 ans ou plis
Pratike otopalpasyon siw te ka kapab chak maten lèw fin benyen devan miwaw
Pratike alètman matènèl yon fi kap bay tete pandan yon dire de 25 mwa redwi risk poul fe kansè an de 33 %
-li rekomande poun ta fe ti ekzèsis pandan 30 minit pa jou menm si,se mache ou ka mache, fè ti mouvman Bale devan lakay ou
-kanpe sou tabac la, e redwi alkòl koz alkòl ogmante risk kansè sen de 7%
Plis nou detekte timè an pi bonè plis nap gen chans viv , depil nan stad final poun kitel ap metastaze sa vle di lal etenn lot oga'n yo, to motalitew trè elve e chans ou gen pouw viv 5 an anko trè ba
M te kontan pale nou de kansè sen
Pataje & like
Ansanm ann konbat kansè sen!!!!!!!
Norbrun Kerry Care-ry