Moïse Dieunet

Moïse Dieunet Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Moïse Dieunet, Shopping et vente au détail, bavaro Punta cana, Carrefour.

10/04/2026

nou nan final

30/01/2022

Et c'est terminé ! L'Egypte en demi-finale !

Le coup de sifflet final est donné avec cette qualification in extremis des Pharaons, dans les prolongations et dans la douleur. Grâce à Salah, les Egyptiens ont renversé des Marocains peut-être un peu trop frileux alors qu'ils avaient ouvert le score dès la 7e minute de jeu. L'Egypte va retrouver le pays organisateur, le Cameroun, en demi-finale jeudi !

22/02/2020

Istwa imajinè #4

Lanmou limyè ak tenèb

Auteur: Charles Gerlin G-night sèvo

Pa janm pansew ka blofe pitit BonDieu , lèw fouye touw se ou kap tonbe ladann ankò! Aprann respekte moun kap sèvi BonDieu! Se pa paskew wè yon moun se kretyen pouw pansew ka fèl tout bagay, se pa paske ou wè yon moun pa vyolan, pou pansew ka fèl mal sou pretèks li pap reyaji siw fèl yon bagay, men fòk ou konnen li gen yon BonDieu ki la Pou li, lè BonDieu ap kalew lap kalew pi di ke lè se lòm kap fèw abi! Ou menm ki anndan legliz sispann bay blòf, se swa ou anndan oubyen ou deyò, siw poko ka kretyen pa al blofe moun, Pou moun ka pranw Pou yon bon moun, pandanw nan tout sak pa bon, se malediksyon wap rale sou tèt ou, gen moun ki konn andan legliz poutan yo konn gwo lougawou kap manje pitit moun😱! Jou a pa lwen pou BonDieu fè yo yo kenbew gwo jounen (G-night🇭🇹sèvo).....

Mezanmi podyab pou jacob ti malere a tout moun te gentan ap tretel de vye vagabon, Jacob te di li pap soti la Pou BonDieu pa fè yon mirak, paske lap sèvi yon Bondieu ki fidèl, Mathieu te pansel te fin bon sou Jacob, nan kèl li te di m bon sou Jacob, wonte a leve Pou mwen! se pandan Mathieu tap di sa patnè kite ansent li an te chwazi vin reklame pitit li, misye te rele santo, lè santo tap antre tout moun te panike, paske misye se tankou yon tòg li tap antre nan legliz la, li tap mache 2 bò epi se direksyon chè a lite pran, tout moun tap gade kisa misye ap vin fè, papa jacob te tonbe ranpli li te panse se yon bandi ki vin friz moun legliz yo, Papa Jacob te tonbe di oh non de Jesus bloke men tout volè ki vle vin friz fidèl ou yo!

Mezanmi Mathieu se pise li tap tire tèlman li te sezi, moun kite chita bò kote Mathieu yo te di oooh mathieu konsaw ap benyen nou ak p**i, volè a poko menm rive sou nou menm ou gentan ap tranble! vant Mathieu te pran bouyi,menm moman an Mathieu bwèt bwèt! Mathieu te twalèt sou li😀 Anmweyyy Mathieu te wè li pral avili vre!

Santo te pastè a sak gen la ras? ou pa bezwen frikat m pa vin fè anyen ki mal non faya, se yon byen m vin fè, paskem tapral fè yon krim sim ta kite Mathieu bay pitit ou a kout pitit sa ras, m vin fè Mathieu konnen map pran responsablitem paskem pa konn kisa pitit mwen an pral devni a lavni non faya!

Mezanmi legliz la te kraze, tout moun se 2 men nan tèt, manman Mathieu te mete men nan bouch, papa jacob te telman sezi, se menl li tap balanse anlè selman li tap di mèsi senyè, pandan Jacob li menm te chita tèt frèt, paskel te gentan konnen Bondieu li a pap Domi, mezanmi Mathieu te tèlman bay likid, li te vin paka kenbe kòl, feblès te tou anvayil, Mathieu ta pral apiye sou yon fidèl, fidèl la te rale kòl li di rale kòw sou mwen rizyèz😕, Mathieu te sot tonbe, se dlo yo tap vide sou li, tout moun tap di ou wè lèw ap kwè nan moun, moun ou konn pran Pou bon moun lan pafwa se li ki konn plis pa dwat ui, tout moun te ale kote Jacob yo tap Mandel padon, tout moun tap pase men nan tèt li!

Santo te di fòk nou banm madanm mwen ui poum ale viv avèk li, yon bagay konsalye ui fayam yo! Manman Mathieu te di ey fout rale kòw la mesye, poum ta lage pitit mwen an nan menw yon moun tankouw! Santo te di oblije ui fayaz dayè pitit mwen nan vant li ui, m pap kitel banou non ras! Pandan Manman Mathieu tap joue Santo, Santo te bap li pran Mathieu li kouri avèk li sou 2 bral, manman Mathieu te tonbe kouri dèyè Santo nan tout lari a, li tap rele anmweyyy vagabon banm pitit mwen😀😀😀! Bagay sa te tounen yon teyat nan lari a Pou jou sa, tout moun tap filme, yo tap di gate yon rasta faya ki vòlè yon fidèl legliz! Santo te kouri antre nan yon lopital ak Mathieu epil te fè doktè bay Mathieu seròm, paske Mathieu te bay tout likid kite nan kòl, sezisman te manke touye Mathieu, tout moun legliz la tap plenyen Pou Jan yo te gentan ap trete Jacob vagabon!

Epi se konsa yo te wè yon bèl demazèl tap antre nan legliz la, ak yon bèl wòb sou li, tout moun tap di kiyès demwazèl sa ye? se lè sa Jacob tap di se li ki vodouna a, tout moun te pran vodouna ak 2 bra, yo tap felisitel deskel chwazi soti nan tenèb li chwazi fè pati de legliz yo a, tout moun tap di Mathieu yo te panse ki limyè a, poutan se yon tenèb li teye, se toujou yon bon payen ki fè yon bon kretyen, gen anpil kretyen anndan legliz kap Betize, BonDieu wè nou ui malgrel pran pòz li pa wè nou, jou lap kale nou an, nap mande kisa nou fè nap peye!

Papa Jacob te anbrase vodouna li te dil byenveni lakay BonDieu, depi jodia m otorizew pitit gasonm lan, paran Jacob te vin telman byen ankadre vodouna, se komsi sete pitit fi yo! Vodouna se yon bon timoun, Depi byen lontan li te vle vin jwenn Kris, men se paskel te pè papal ki fè li patka fè sa!

Aprè vodouna te ale lakay li, papa vodouna kise babo, Babo te di: an vodouna kounyaw al legliz, ebyen kounya se twòp atò, wap mankem Dega vre, Babo te pran vodouna li tèlman bat li, gen yon moun kite di, Jacob al gade koman yap mal mennen vodouna, Jacob te poul kouri li ale, lèl te rive li te kanpe li tap gade koman papa vodouna ak tout manman vodouna te fè kò sou li pou yo te bat vodouna, sa te fè Jacob mal anpil, Jacob te mete 2 jenoul atè li te di papa BonDieu m nan, ou paka kite sa konsa, fòk ou mete yon solisyon nan pwoblèm vodouna ap andire yo!

vodouna te voye zyel li te wè Jacob te ajenou, vodouna te Poul kouri lal jwenn Jacob, epil te anbrase Jacob, li te leve Jacob ajenou an, Jacob te Tris anpil , li te di vodouna ou pa bezwen pè sa gen poul chanje😧 papaw fèw pase mizè twop! Babo te kanpe de lwen li tap gade Jacob, Babo te tou de blan, li te di se mwen ki wè sam ta fè ti nonm sa ui, ki vin gate vodouna nan menm lan😳, manman vodouna te di non babo pa pwoche sou ti nonm sa non, ou sonje kisa ti nonm sa te fèw ak bib ki nan menl lan! Babo te di epa manti non ti nonm sa gen yon pwisans sou li vre ui

yo te kanpe de lwen epi yo tap gade vodouna ak Jacob! Aprè jacob te ale lakay li, epi vodouna te ale lakay li, babo te vin pè manyen vodouna ankò! Lè jacob te rive lakay li, li te mete 2 jenoul atè li tap mande BonDieu yon solisyon Pou vodouna, paske vodouna pa menm moun ak paranl yo, paske so Bondieu gentan sou Vodouna Pou paran yo pa gen pouvwa Pou yo bat vodouna ankò!

Nan demen koul jou papa vodouna te di fòk li gate bagay sa, paske gen djab ki pi fò ke BonDieu , Babo te deside ale kote yon pi gwo ougan poul te ale fè yon degre, lè babo te rive, li te jwenn ak pi gwo Gangan an, lite esplikel tout bagay, li te di yon ti Jacob sot kotel soti vin bay lakoul la panik, Gangan an te di oh Pou janm konn lakouw la pa jwe, pouw kite yon ti Jacob ap vin bal pwoblèm, kiyes ki jacob sa? Aprè de jodia sa fini! Babo te di lwa pa desann nan tèt pitit fim lan ankò non, Gangan an te di ooh ki bagay sa? ebyenw pèdi pouvwa vre babo? Men boutèy sa, nan aswè pandan vodouna ap domi, pasel twa fwa sou li, epi desan kilôt vodouna epi viv avèk li, tout lwa yo ap desann nan tèt li👿! M pral wè sim pa papa ankò! Sak te Jacob la! Eyyy ti nonm degajew fè vodouna travay ba ou, se chwal nou li ye gasonm, degajew monte vodouna, viv avèk li kôm fanm ak nonm, bye fè bagay avèl pou lwa yo ka retounen nan tèt li gasonm, hayyy se Djab la kap pale ti nonm!

Lè babo te rive li te jwenn vodouna chita, li tap li yon ti Bib, babo te di nan kèl aswè a ou pral konnen, m pral fèw konn sak rele babo a! M pa konn kilèw te konn BonDieu konsa😡!

Nan aswè Jacob te rele vodouna yo fè kont pale yo, epi domi te pâti ak vodouna, babo se veye li tap veye pou vodouna te domi! Misye te rive sou vodouna, li te fè tout senp yo sou li aprèl te bap li desann kilôt vodouna poul kouche Vodouna jan Djab la te dil la...

Aswiv fans yo... Pouw pa rate #5 lan, like paj la kounya, pa bliye pataje lèw fin li

Mezanmi babo met men sou vodouna kise pwòp pitit li😱😱

G-night🇭🇹 sèvo

28/10/2019
Mafia
28/10/2019

Mafia

Adresse

Bavaro Punta Cana
Carrefour
000

Téléphone

+50948487466

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Moïse Dieunet publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager