03/05/2021
Inpótan
Tout saw dwe konnen de gwat... pa neglije pataje ti tèks sa pou plis moun jwenn konesans sou gwat , li frekan ayiti sitou nan depatman sant
Gwat manifeste pa kou moun nan ki parèt gwo nou siman konn wè moun sa yo, pi souvan se fi ki viktim de li,kote an Ayiti ki gen plis ka gwat se depatman sant nou pral wè poukisa,
sak koze kou an gwo se a koz yo gland ki nan kou nou ki rele tiwoyid ki ogmante volim Ayiti se ra si se pa sèl peyi nan amerik la ki pako eradike gwat ...
nou pral wè ansanm anpil aspè de li:
- kisa tiwoyid lan ye, kisak koze gwat
-eskel manifeste menm jan lakay tout moun
- kilè pou yal wè doktè
-siw pa al kay Doktè sa kap pase
- kijan pou pwoteje tèt ou kisa leta ka fè pou ede ayiti eradikel
gwat la an swa pa yon maladi jan nou panse l la menn se manifestasyon de yon anomali nan tiwoyid la swa :
-gland sila pa fonksyone ase
-swal fonksyone twò entans
-menm sil manifeste ra man pa yon gwat li ka yon kansè nan tiwoyid
tiwoyid la son gland(kap pwodwi òmonn) ki nan kou nou ,li gen 2 lòb,li sekrete òmonn(sibstans ki libere nan san ki pral aji a distans) endispansab a bon fonksyonnman kò nou , òmonn sa yo a baz yòd, youn nan bon sous yòd se lanmè, se rezon sa ki fè moun nan depatman sant soufri de gwat anpil paske se sèl depatman peyi an ki bòde pa lanmè, si kò an manke yòd li ka pwovoke gwat
sou plizyè faktè ki ka ogmante volim e fome yon gwat li ka konsène yon lòb lè sa wap wèl gonfle yon bò nan kou an oubyen 2 lòb yo, oubyen tou li ka konsène plizyè pati de gland lan
kisak ka koze gwat?
- li ka jenetik e gen rapò a òmonn yo se sak fè se fi ki plis touche, plizyè manb nan yon fanmi konn soufri gwat
- li ka nitrisyonèl si moun nan pa manje ase bèt ki sot nan lanmè
-li ka koze pa tabak paske gen sibstans ki nan tabak la ki pral antre an konpetisyon a yòd lan e anpeche kò an kapte yòd
-si moun nan te ekspoze a radyasyon o nivo koul
-oubyen anviwonnmanl pa ekszanp moun kap viv lwen lanmè
eskel toujou manifeste menm jan?
lè gwat la lye avèk tiwoyid ki fonksyone twò entans ,moun nan ka:
-pèdi pwa
-moun nan paka tolere chalè
-toujou ap swe anpil
-konn gen tranbleman
- ap plede dyare
-fatig
-moun nan toujou eksite toujou nève
-jel sòti deyò
lè moun nan fè gwat paske pa gen ase yòd swa a koz de medikaman a baz lithium, swa paskel pa konsome ase yòd, oubyen kò an konn ap aji kont pwòp tèt li nan detwi tiwoyid lan se preske kontrè an lè gland fonksyone twò entans lan ,moun nan ka :
-santi fatig
-toujou gen dòmi e ka domi jiska 12 a 14 èd tan
-li ka ap pran pwa
-li ka konstipe
-moun nan lan nan mouvmanl
-chevel ka difisil poul pouye
figil pouf , vwal ka anwe
-ba moun difikilte pou aprann
kilè pou konsilte doktè?
siw ta remake kouw ap vin gwo e ou santi doulè lèw palpel, ou ta remake anplis de sa wap pèdi oubyen wap pran pwa, oubyen si konpotman moun nan antouraj ou chanje fòw al kay Dr avèl, paske tiwoyid regilarize imè moun
e kisa kap pase si yon moun fè gwat pa janm al kay Doktè?? konsekans lan depann de gwosèl ki ka rive a yon pwen pou :
-anpeche moun nan manje paskel ka jwenn difikilte pou vale
-bal difikilte poul respire e menm rive toufel
-modifye vwal, paskel ka paralize kòd vokal yo
li ka ba bay sentom grav m ba yo
-si son kansè li ka gaye nan e pwovoke lanmòw
kijan pou pwoteje tèt nou e kisak koze Ayiti gen difikilte pou eradike gwat?
-sa depann de koz la , si se yòd kò an manke oubyen moun ki lwen lanmè , nan peyi ki te gen anpil gwat yo devlope yon kanpay kote yap ankouraje moun yo konsome sèl ki gen yòd , genyen yo an Ayiti se ti sèl nou konn wè ki nan ti pake ,ou ka al nan mache pou konmandel, yo konn ekri sèl yode, ou ka komanse sèl la nòmalman tankou se sèl nòmal pa al fè esksè pou pa monte tansyonw
leta ayisyen ka fè yon kanpay ankouraje moun yo konsome sèl yode sitou pou moun nan depatman sant yo pou mennen yon lit kont gwat
like & pataje pou plis moun jwenn ti konesans sila
idantifye yon moun li avèw
Kerry NORBRUN
map pwofite envite nou gad yon videyo ansanm ,rale plim a fèy ou nap rezoud kalkilpou konn lèw ka ansent ou pa yon fwa ,nap wè tou kilè a kisa fi kap ovile ka santi, e kisak ka fè fi pa ovile , klike sou lien sa poun ka gade videyo ansanm:
https://youtu.be/hgcfmyCO4nA