10/30/2021
Bouboul se sèl nèg sou katye a ki pat janm gen Yon ti mennaj, li te trò gro medam yo pat wè nan li yo te konn bal ti non "patat si" jis pou yo ka minimizel
Bouboul pat janm fache ak pèson dayè se limenm ki te pi blagè, lap manje lap baw blag épi lap griyen dan.
Jouva jouvyen gen Yon ti demwazèl(Sara)ki vini abite sou katye a ki mare zanmi ak bouboul, Li potko gen zanmi sou katye a se bouboul ki t pi bon baz li.
Chak lè li soti lekòl li toujou vini travay matematik ak bouboul paske yo tap fè menm klas épi bouboul pat fò lekòl akoz li toujou ap dòmi nan klas.
Bouboul kòmanse santil yonlòt jan paske se premye fanm ki pa minimizel men kap edel avanse.
Nan travay travay boul arive premye nan klas li a
Demwazé la tèlman kontan li fè bouboule kado yon Yon chèn ki gen Yon ti kle ladan.
Dezan pase Bouboul ak Sara tèmine klas yo, yo ale nan menm fakilte nan menm moman sa tou yo te arive renmen.
Lè yo rive nan fakilte a bouboul kòmanse pran farouch pi rèd, yap plede relel petadò, gro pans.
Lè Sara wè sa, chak jou avan yo ale nan kou a 9è am li planifye ak bouboul yap lève a 6è am pou yo ka gentan fè 30 minit Al kouri bò Yon lanmè ki te tou pré a jis pou Bouboul ka kòmanse pèdi grès.
2 semèn pase parese kòmanse pran Bouboul li dekouraje, Sara oblije pran nan kòb manmanl toujou voye pouli pou regle zafè étude li li peye yon klèb espò pou bouboul, Sarah achte tout sa Bouboul ap gen bezwen, proteyin, senti, bagay pou bouboul fè te pou kase vant, eltr... Epi chak maten se limenm kal reveye Bouboul paske dòmi souvan ale ak bouboul.
Nan mwens ke 1 an Bouboul arive pèdi Yon bon kantite grès, li kòmanse pran fòm kòl.
Sara kontinye pèsiste,motive, ankouraje,depanse jiskaske Bouboul arive vin pèdi tout grès nèt li vin anfòm.
Medam ki sou katye yo avèk sak nan fakile yo Konya sispann bay bouboul farouch Konya se file yap filel yo bezwen pranl nan men Sara, men Bouboul pa voum li pa prèt li rete ak Sara yo tèmine étude yo yo gradye .
Nan jou gradiyasyon yo abiye menm jan Sara ak Bouboul se plede fè foto, Sarah santil fyè, Bouboul menm gen Yon lajwa kap debòde nan kèl.
Dezan Apre yo tèmine etid yo yo vin ap travay,
Moun yo vin plis damou toujou.
Bouboul veye lè fèt Sara li fèl kado menm chèn Sarah te fèl kado a ak Yon bon kle ladan, Sara etone li mande bouboul poukisa se yon bon kle,
Bouboul pran Sara li métél nan machin li, lal mennenl Yon kote, avan Sara desann machin nan Bouboul mare zyèl ak Yon foula épi li kenbe men Sara li soti avèl li métél kanpe devan Yon bèl kay,
Lè Sara retire Foula li sezi pirèd, nan tèt pòt kay la make " Voulez-vous m'épouser ?" Sarah tèlman eksite dlo kòmanse ponpe nan zyel,boubou vin serel nan bral épi Bouboul pete kriye tou.
Après anpil tan emosyon Sara antre nan kay la ap vizite,lap kontanple kado sa fiyansel fèl, lamènm lamoun mete pye romans ap fèt aprè de semèn yo Marye yo di Wi pou Lavi.
Jeff et Sara
Ki leson ou tire nan istwa sa??
Patajel ak yonlòt
Pa bliye kite yon j'aime si toutfwa ou ta renmen
Nou pataje Yon lòt pi bèl istwa avèw.
Bon weekend