04/07/2025
🚨 NOU BEZWEN BETA-TESTÈ POU YON NOUVO APLIKASYON LIVREZON 100% AYISYEN!🇭🇹📲🍛
E si ou te pami premye moun ki t ap viv yon eksperyans totalman nouvo nan livrezon manje an Ayiti?
Nou pa chèche tout moun.
Nou chèche *ou*: ou menm ki kirye, onèt, epi ki gen anvi fè pati de yon bagay ki gran.
Sakapkwit ap vini trè byento, epi anvan lansman ofisyèl la, n ap chèche volontè pou teste aplikasyon an epi ban nou yon fidbak senp, dirèk, ak otantik.
Ou pa bezwen yon pwofesyonèl.
Jis vle fè bagay yo avanse 🇭🇹
✨ Poukisa w vin testè?
*Ou pral dekouvri aplikasyon an anvan tout moun.*
*Opinyon w ka chanje pwodwi final la.*
*W ap gen fyète dèske w kontribye nan yon pwojè lokal ki anbisye.*
*E... nou gen kèk sipriz pou testè nou yo ki pi angaje* 👀😉
🔐 Plas yo limite.
💬 Ou enterese? Voye "Mwen ladan'l" nan DM nou oswa kòmante anba a epi n ap ba ou tout detay yo!
Fè pati chanjman an. Vin youn nan figi inovasyon lokal la.
*Sakapkwit, se kwaze pyew epi tann manje w!!!*