13/06/2021
Yon nwit avè'w
"Epizòd #18"
Ecrit par: Kaira Kira ✍✍✍
Facebook: Kaira Kira
Instagram: Kairakiraa
💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎
Isaac sezi 😱
Valentina: Ou satisfè?
Isaac: Ou men'm ak tout nèg ou a fè yon sèl pou touye'm..
Valentina: Sispann pale nan tèt mwen..
Isaac: Kounya se ou k dil kote nou tap vini an..
Valentina: Retire'w sou mwen..
Isaac: Anh se konsa sa ye la? Mwen k te fèw konfyans epi se konsa..
Valentina: Sispannn jape nan tèt mwen non..
👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑
Kaira tap desann desann eskalye ak papa'l, depi nan wout li tande...
Happy birthday to you
Happy birthday to you
Happy birthday to you
Happy birthday to you 👏👏👏
Lap gade papa'l, Victor fè kòm sil pa wè..
Kaira: Oulala lala🤭
Kaira mache rive kote yo a, li kanpe..
Kaira: Mèsi, m renmen jès la, mèsi anpil ☺
Bendy: Ou enpòtan pou nou tout alors Bonne fête
Damien: Ou pap di twòp donk siw enpòtan pou zanmi nou kwèm pou nou se ti boul lò a..
Dania: Ou konn saw reprezante pou mwen chak jou, ti pès mwen, ti sèm, meyè zanmim, tout pou mwen, ou se pi bèl bagay nan lavi'm Kai, ou se kè kontan mwen, bout tristès e lajwam an men'm tan, kidonk sim tap gen pou'm chwazi yon zanmi se ou m tap chwazi... ou fè diferans lan Bonne fête ma chérie
Kaira tonbe kriye 😭😭
Victor: Se pa jodia map diw janm renmen'w, se pa jodia map diw ou se fwi Lanmou'm se pa jodia wap konnen kòman pi enpòtan pou mwen, baz mwen, zanmim, pitit fim, sèl grenn pitit la, tout nanm mwen m renmen'w e Joyeuse Anniverssaire..
Gaddy ap gade Kaira ki kanpe byen timid li prèske kriye..
Gaddy: Lanmou reprezantew e ou reprezante lanmou, si m te ka konte Konbyen etwal ki nan syèl la m te ka diw Konbyen m renmen'w Kai, men m pap bliye diw, ou se etwal ki briye pi plis nan lavi'm, m renmen'w jodia, map renmen'w demen, map renmen'w aprè demen e pou letènite, Bonne fête bby m swete tout sak bon yo pou ou bebe (tou ba) I Love you 😍
Kaira santi'l paka kanpe li lague kòl atè lap kriye, Tout moun yo leve yo pran'l nan bra yo... pou konsolel.
Dania: Pa kriye bb
Yon ti tan aprè yo lague'l
Kaira: M pa wè ki bèl pawòl m te ka anplwaye pou'm di nou mèsi, nou pwouvem ke m gen moun ki renmen'm, nou espesyal pou mwen e yon remèsiman espesyal de tout kèm... Mèsi 😍
Tout moun👏👏👏👏
👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑
Kling Kling Kling
Isaac: Manmi
Gina: Pitit mwen
Isaac: Map rele Nadine li pa janm pran apèl la non..
Gina: Li genlè pa wè sa..
Isaac: Manmi tèt chaje Kaira pa avè'm non..
Gina: Kote'l ale?
Isaac: Kaira sove manmi
VALENTINA: Kòman'l sove a..
Gina: Sove al kibò? Ki bagay sa?
Isaac: M pa konnen manmi, m jis vini m pa wè'l..
Gina: Ebyen sa nou pral di Nadine..
Isaac: M pa konnen non mwen...
Gina: Ebyen fòk nou chache'l wi...
Isaac: Wi wi map gentan 😏
Gina: Ok pitit mwen...
🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮
Gaddy te pran Kaira..
Gaddy: Bbm map prezantew Bendy, Damien zanmim, Bendy, Damien map prezante nou mennaj mwen Kaira mon amour 😊
Damien: An chante Kaira
Kaira: An chante Damien
Bendy ri
Kaira: An chante Bendy
Bendy: M te gen ti boubout, toujou bezwen chaje li lague'm nan wout woyy
Gaddy: Bendy
Kaira pa gen vant pou'l ri
Bendy: Li dim an chante
Gaddy souke tèt li
Bendy: An chante Kayou..
Kaira souri☺
Yo tout ak yon fè, ki gen chanpay sa ki pran diven yap danse💃🕺💃💃💃🕺🕺🕺
👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑
Valentina: Poukisa bay manti konsa..
Isaac: Mwen k bay manti a..
Valentina: La Isaac Kaira sove ou pa konn kote'l ale..
Isaac: Ou te vle'm di nan kiyès li ye, Nèg sa yo pap vin touyem nèt non..
Valentina rale malèt li pou'l ale...
Isaac: Kote'w prale?
Valentina: M pral lakay mwen, m pap vin ret la avè'w non..
Isaac: Kòman ou prale a pase boudaw anndan..
Valentina: Ou bezwen yon ti moun wi..
Isaac: Pasew anndan..
Valentina: Ou pa fèm
Isaac pasel yon kalòt, Valentina sezi
Isasc: Saw te konprann, Kaira deja sove n tap vin pèdi kòb mwen an..
Valentina: M pat vin..
Isaac: Pe danw 🤫
Valentina pe bouch li..
👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒👑👑👑👒👒👒
Dania: Ou pa al remèsye mesye yo paske yo te sovew la..
Kaira: M te fache sou Gaddy
Dania: Al mande padon..
Kaira: Ok boo
Kaira deplase la'l kote mesye yo..
Kaira: M pa konn Konbyen kòb pou'm ta peye nou paske nou, si se pat gras ak nou m pa konn kisam tap devni pou ti bout jounen sa... Mil mèsi
Bendy: Pa enkyete'w Kaira..
Damien: Se nou k pou ta diw mèsi Paske'w chanje zanmi nou an...
Kaira: Mèsi anpil wi
Bendy: Pa gen pwoblèm..
😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😍😍😍😍😍😍😍
Victor: Male cherim m pral kote Kira..
Kaira: Salye matant Kira pou mwen papi..
Victor: Map fè sa cherim
Kaira: Ou pa pral kot manmi an?
Victor: Non, map dòmi kot Kira pito..
Kaira: Dakò papi
Victor anbwase pitit li a li bol epi'l ale..
🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸
Nan chanm Kaira chita sou pwent kabann nan Gaddy kouche sou do.
Kaira: Beb padone'm paske'm te pale konsa avè'w..
Gaddy pa di anyen
Kaira: M konnen m ka pa vle padone'm men m te fache anpil beb, e siw pa padonem tou wap gen rezon..
Gaddy: Ak kondisyon..
Kaira: Ki kondisyon..
Gaddy: Wap fè yon bagay ou pat ko janm fè pou'm Padonew...
Kaira gade'l li souri, epi'l moute chita sou Gaddy ki te kouche sou kabann nan... li pase men'l anba Mayo Gaddy dousman epi'l kòmanse bol nan vant... Gaddy kouri kenbe men'l..
Gaddy: M Padonew bb, pa fè sa? Pa kontinye beb..
Kaira: Ou pa renmen sa?😚
Gaddy: M renmen sa, men jan wap fè'l la ap fè anviw..
Kaira: E?
Gaddy: E kisa beb? Vini pou'm fèw dòmi..
Kaira: Dòmipa nan jem
Gaddy ap gade'l li pa konn sa pou'l di
😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻
Kling Kling Kling 📲📲📲
Nadine: Alo
Gina: Isaac tap rele'w ou pa pran apèl la, Tifiw la sove tande..
Nadine: Kisa?😱
ASWIV....
Pa bliye Like comment e pataje pa bliye dim sa nou panse nan komantè a
Mwen renmen nou anpil guys 😍😍😍❤❤❤❤😻😻😻❤❤❤❤